Skip to main content

Rapòte yon Krim Rayisab oswa Jwenn Èd (Haitian Creole)

Jwenn èd Imedyatman

Li eksplikasyon anba la yo pou w sa konprann kijan pou w jwenn èd imedyatman epi kouman pou w denonse yon krim diskriminasyon ke ou te wè ak pwòp je w oswa ke ou te viv kòm viktim.

Nan yon ijans, rele 9-1-1 oswa lapolis lokal ou a pou jwenn èd imedyatman.

Pou Rapòte yon Krim Rayisab:

Si ou kwè ou se viktim yon krim rayisman oswa ou te temwen yon krim rayisman—

ETAP 1: Rapòte krim lan bay lapolis leta oswa lokal ou a.

  • Rele 9-1-1 oswa rele komisarya lokal ou a.
  • Ofisye lapolis yo ka kontakte w pou plis enfòmasyon pandan y ap mennen ankèt sou krim lan.

ETAP 2: San pèdi tan fè swivi rapò sa a rapòte krim nan bay Federal Bureau of Investigation (Biwo Federal Envestigasyon) (FBI)

  • Sou Entènèt: Ou ka rapòte yon krim rayisab bay FBI sou Entènèt sou: tips.fbi.gov.
  • Swiv enstriksyon ki nan fenèt ki monte yo epi ranpli fòm sou Entènèt la pou rapòte yon krim rayisab.
  • Nan Telefòn: Rele FBI nan 1-800-CALL-FBI (1-800-225-5324).
  • Ou ka kontakte biwo FBI lokal ou a tou. Jwenn nimewo telefòn biwo FBI ki pi pre w la sou www.fbi.gov/contact-us/field-offices.
  • FBI ka kontakte w pou plis enfòmasyon pandan y ap mennen ankèt sou krim lan.

FBI sèvi ak entèprèt sou telefòn nan pou yo ka pale avè w. Lè w rele, wa tande yon mesaj ki dire yon minit ann anglè e an panyòl. Rete sou liy nan jiskaske ou tande yon operatè reponn. Bay ki lang ou pale e yon operatè va konekte w ak yon entèprèt kalifye pou ede w rapòte yon krim diskriminasyon ke w okouran oswa ke w viktim.

Vwa Ou Enpòtan: Se pa tout ensidan rayisman ki enplike yon krim. Ou ka rapòte nenpòt ensidan bay Divizyon Dwa Sivil nan civilrights.justice.gov. Rezilta posib yo  gen ladan:

  • Fè swivi pou plis enfòmasyon,
  • Kòmanse yon medyasyon oswa ankèt,
  • Dirije w bay yon lòt òganizasyon pou plis èd, oswa
  • Enfòme w ke nou pa ka ede.

Moun ak kominote ki afekte nan ensidan an ka toujou kalifye pou sipò ki endike anba a.

Kisa yon Krim diskriminasyon ye?

Yon Krim

+

Motivasyon pou Komèt Krim nan Baze sou Patipri

=

Krim Diskriminasyon

Rayisman (oswa “Hate”): Mo “rayisman” an ka twonpe moun. Lè yo sèvi ak mo “rayisman” an nan lwa sou krim diskriminasyon, mo “rayisman” an pa vle di raj, move san, oswa degoutans an jeneral. Nan kontèks sa a, “rayisman” vle di patipri kont moun oswa gwoup moun ki gen karakteristik espesifik ke lalwa defini.

Krim: Mo “krim” lan nan kontèks krim diskriminasyon, souvan se yon krim vyolan, tankou atak, asasina, ensandi kriminèl, vakabonday, oswa menase pou komèt kalite krim sa yo. Sa ka vle di tou konplo, oswa mande yon lòt moun pou l komèt kalite krim sa yo, menmsi krim nan pate janm fèt.

Ensidan ki baze sou Patipri oswa Diskriminasyon: Se zak ki baze sou prejije ki pa krim e ki pa enplike vyolans, menas oswa ki pa domaje byen moun.

Lwa federal sou krim diskriminasyon kouvri krim sou baz ki anba la yo:

Ras Andikap
Orijin Etnik/Nan Ki Peye w Soti Koulè
Oryantasyon seksyèl Sèks
Idantite Seksyèl Relijyon

Lwa sou krim diskriminasyon varye nan Eta yo. Pifò nan krim sa yo se krim ki komèt sou baz ras, koulè e relijyon. Gen plizyè ladan yo tou ki genyen lòt kategori anplis.

Premye Amandman e Libète Pawòl:

Daprè Premye Amandman nan Konstitisyon Lèzetazini, yo pa ka pousuiv moun an jistis poutèt sèlman kwayans yo, menmsi kwayans sa yo chokan. Sepandan, Premye Amandman an pa pwoteje moun ki komèt krim paske yo gen yon kwayans ki pwoteje.

Updated November 17, 2023