Skip to main content

Distri Sid Avoka Etazini

Markenzy Lapointe
Avoka Dètazini

SDFL US Attorney

Nonmen pa Prezidan Joseph Biden epi konfime pa Sena Lèzetazini an, Lapointe ap dirije nan pòs sa kounye a prèske 500 avoka ak sipòte profesyonèl ki responsab pou mennen envestigasyon ak pouswiv moun ki komèt krim federal nan Sid La florid ak regle ka sivil Lètazini genyen yon enterè ladan’l.

Avan’l te okipe pòs sa, Lapointe te kolabore nan kabinè avoka Pillsbury Winthrop Shaw Pittman LLP nan Miyami, kote li te konnen travay sou ka komèsyal, pwodwi ki te defekte ak reprezante gwo risk, neglijans pwofesyonèl, ak envestigasyon kriminèl.  Li te tou youn nan dirijan kabinè avoka Advancement of Diverse Attorneys Committeee ki fè pwomosyon pou retansyon ak avansman avoka ki soti toupatou. 

Lapointe te komanse karyè avoka li nan Tribinal Siprèm La florid (Florida Supreme Court) kòm Asistan Legal Onorab Harry Lee Anstead soti 1999 pou rive 2001.  Apre sa, li te travay kòm Asistan avoka Dètazini pou Distri Sid La florid soti 2002 pou rive 2006 nan okipe ka kriminèl federal ki sitou gen pouwè ak dwòg, krim ak zam afe, fwod ki gen rapò ak bank e ipotèk. Lapointe te travay tou kòm asosye nan ka litij, e apre kòm kolaboratè nan kabinè avoka Boise Schiller Flexner LLP nan Miyami soti 2006 pou rive 2007.  Pi devan, li te al kolabore nan Pillsbury.

Atravè karyè li, Lapointe repite pou bay asistans legal gratis.  Li te resevwa Pri Legal Aid/Put Something Back Pro Bono pou batay li nan defans timoun ak Pri Daily Business Review pou Avoka ki Gen Plis Siksè nan travay Pro Bono nan Dwa Familyal.

Lapointe te resevwa diplòm nan Dwa nan Florida State University College of Law ak diplòm nan Finans nan Florida State University College of Business Law.  Li te etidye nan Miami Dade College tou.

Lapointe se yon U.S. Marine veteran nan Lagè nan Golf la ak premye Avoka Ameriken ki te fèt Ayiti ki sèvi peyi a kòm Avoka Etazini.  Li te kite Ayiti pou vin nan etazini lè li te yon adolesan, li te abite nan katye Liberty City nan Miyami ak konplete etid sekondè li nan Edison High School.

Updated August 24, 2023