Skip to main content
Press Release

Markenzy Lapointe Prete Sèman pou Pòs Pwokirè Jeneral La Florid di Sid

For Immediate Release
U.S. Attorney's Office, Southern District of Florida
The referenced media source is missing and needs to be re-embedded.

MIAMI - Markenzy Lapointe prete sèman jodiya kom Pwokirè Jeneral Distri Sid Laflorid devan Chèf Jij Distri Dèzetazini Cecilia M. Altonaga.

Nonmen pa Prezidan Joseph Biden epi konfimè pa Sena Lèzetazini, Lapointe an tèt yon biwo ki gen prèske 500 Avoka ak tout profesyonèl dapwi yo ki responsab envestige ak pouswiv tout zak kriminèl federal nan Laflorid di Sid, ak litij koze sivil kote entère Lèzetazini an je.

"Se avèk anpil onè ke ma va sèvi peyi m ak kominote a antan ke Pwokirè Jeneral  Distri Sid Laflorid la." Msye Lapointe di.  "Istwa fyète biwo sa a pran nesans nan deseni de angajman ak la jistis, san patipri, entegrite, ak sèvis kominòtè.  Mwen angaje m a swiv tout prensip sa yo ak fè tout efò pou respekte tout nòm ekselans ki se fondasyon biwo sa a.

Anvan yo te nonmen l, Lapointee te patnè nan kabinè Pillssbury Winthrop Shaw Pittman LLP, kote li te jere litij komèsyal, ak responsabilite sivil pwodwi defektye a gwo risk, neglijans pwofesyonèl, ak koze envestigasyon kriminèl.  Li te ko-prezidan tou, nan Komite  pou Avansman Divèsite Avoka, pou pwomouvwa retansyon ak avansman avoka divès orijin.

Lapointe te komanse karyè legal li nan Tribinal Siprèm Laflorid kote li te sèvi antan ke Asistan Legal Onorab Harry Lee Anstead de 1999 a 2001.  Aprè sa li pase a Adjidan Komisè Gouvènman nan Distri Sid Laflorid de 2002 a 2006, kote li tap jere tout koze zak kriminèl depi sou zak ki gen rapò ak dwòg, zamafe rive jiska fwòd bankè ak fwòd ipotèk.  Lapointe travay tou kom assosye litij, epi li vinn fè patnè nan Kabinè Boise Schiller Flexner nan Miami a de 2006 a 2007.  Aprè sa li rantre nan Pillsbury antan ke asosye

Atravè karyè li, Lapointe te kenbe yon pratik asistans legal gratis solid.  Li resevwa Pri de Legal Aid/Put Something Back Pro bono pou defans timoun ak Pri Avoka pi Efisyan nan Daily Business Review pou travay pro bono nan Dwa Koze Familyal.

Lapointe resevwa diplòm avoka liya de Fakilte Dwa Florida State University ak dipòm nan finans de Lekòl Komès Florida State University.  Li te etidye nan Miami Dade College tou.

Lapointe se yon Veteran Gè Golf la Marin ak premye Avoka Ameriken ki fèt an Ayiti ka pral sèvi peyi a antan ke Pwokirè Jeneral.  Li emigre de Ayiti vinn Lèzetazini lè li te yon jèn adolesan, li te abite nan vwazinaj Liberty City epi li gradye de Edison High School.

Li ranplase Juan Antonio Gonzalez, yon pwokirè de karyè ki tap dirije biwo a depi mas 2021.

Contact

Public Affairs Unit

U.S. Attorney’s Office

Southern District of Florida

USAFLS.News@usdoj.gov

Updated March 22, 2023

Topic
Office and Personnel Updates