Skip to main content
Press Release

Koreksyon: Kat Individi La Florid Arete nan yon Konplo pou Touye Prezidan Ayisyen a, Jiri Tabli a Emèt Akizasyon Ofisyèl kont 11

For Immediate Release
U.S. Attorney's Office, Southern District of Florida

KOREKSYON: Kominike de laprès orijinal ap korije pou reflete ke twa sitwayen ameriken ak yon rezidan pèmanan legal te arete jodiya.  Akize Intriago se yon sitwayen ameriken (Venezyelyen/Ameriken), pa yon rezidan pèmanan legal.

MIAMI - Maten a, Fòsdelòd Federal Lèzetazini arete yon sitwayen ameriken ansanm ak de rezidan pèmanan ki abite LaFlorid ansanm ak yon sitwayen ameriken ki abite Tampa, konfòm ak plent kriminèl yo pou patisipasyon yo nan evènman asasina Prezidan Jovenel Moise d'Ayiti ki te fèt le 7 jiyè 2021.  Aprè arestsyon yo, yon Jiri Tabli LaFlorid emèt yon nouvo akizasyon ki akize kat endividi sa yo, ansanm ak sèt lòt ki te deja arete ak akize Ozetazini  pou swadizan wòl yo nan konplo a.

Men Kat endividi yo arete jodiya nan LaFlorid:  Arcangel Pretel Ortiz, 50 lane, sitwayen Kolonbyen rezidan Miami epi rezidan pèmanan Lèzetazini; Antonio Inttriago, 59 lane sitwayen Venezyelyen rezidan Miami epi rezidan pèmanan Lèzetazini; Walter Veintemilla, 54 lane de Weston; ak Frederick Bergmann, 64 lane de Tampa.

Yap fè konparisyon inisyal yo jodiya a 2:00 de laprè midi nan Miami devan Jij Majistra Lauren Louis.

Ak tout arestasyon sa yo ki fèt jodiya, 11 moun pral fè fas a akizasyon sa yo nan Distri Sid LaFlorid ki gen rapò ak asasina a.  Twazyèm nouvo akizasyon ofisyèl la akize Ortiz, Intriago ak Veintemilla ansanm ak James Solages de 37 lane, Joseph Vincent de 57 lane, ansanm ak German Alejandro Rivera Garcia de 44 lane, ke yo transfere ba otorite Lèzetazini mwa pase;  Mario Antonio Palacios Palacios de 43 lane ke yo te arete an janvye 2022; Rodolphe Jaar, de 49 lane ke yo te arete an janvye 2022; ak Joseph Joel John, de 51 lane ke yo te arete an Me 2022.  Akize sa yo ------Ortiz, Intriago, Veintemilla, Solages, Vincent, Rivera, Palacios, Jaar, ak John-----akize de konplo pou founi sipò ak resous esansyèl nan yon konplo pou kidnape oswa touye andeyò Lèzetazini, ki abouti nan lanmò; founi sipò ak resous esansyèl nan yon konplo pou kidnape oswa touye andeyò Lèzetazini ki abouti nan lanmò; ak konplo pou touye oswa kidnape yon moun andeyò Lèzetazini.

Nouvo akizasyon ofisyèl la akize tou Christian Emmanuel Sanon de 64 lane, ansanm ak Bergmann de:  konplo pou komèt enfraksyon kont ekspòtasyon; soumèt ak bay fo enfòmasyon sou ekspòtasyon; ak kontrebann jilè parabal sòti Lèzetazini pou Haiti.  Kankou Solages, Vincent ak Rivera, yo transfere Sanon de detansyon Ayisyèn pase a detansyon Lèzetazini mwa pase.

Daprè dokiman jiridik yo, depi apeprè fevriye 2021 a jiyè 2021, LaFlorid di Sid te sèvi antan ke lokasyon santral pou planifikasyon ak finansman konplo pou dechouke Moïse de pouvwa a ak ranplase l pa yo moun ki ta itil tout bi politik ak enterè finansye konplotè yo.

Ortiz ak Intriago an Tèt Counter Terrorist Unit Federal Academy ak Counter Terrorist Unit Security (ki fè ansanm CTU), Veintemilla an Tèt de Worldwide Capital Lending Group (Worldwide).  CTU ak Worldwide se yon konpayi  etabli nan LaFlorid di Sid.  Bergmann, ki te abite Tampa te gen lyen ak Sanon, yon sitwayen ak doub nasyonalite Ayisyen-Ameriken ki te gen aspirasyon politik an Ayitti, daprè akizasyon ofisyèl yo.

Jan yo pretann la, an avril 2021, Ortiz, Intriago, John, Solages ak Sanon reyini nan le Sid LaFlorid epi mete yo dakò sou yon plan:  Ortiz ak Intriago ---atravè CTU--- tap sipòte dechoukay Prezidan Ayisyen Moïse epi ranplase li ak Sanon.  An echanj, yon fwa Sanon ta vinn Prezidan, li tap akòde kontra avantaje ba CTU pou pwojè enfrastrikti an Ayiti, mizandisponibilite fòs sekirite, ak mizandisponibilite ekipman tip militè ba gouvènman Ayisyen dirije pa Sanon, daprè sa yo pretann.

Yo pretann ke vè lafen avril 2021, Veintemilla ak konpayi liya Worldwide, konsanti pou ede finanse koudeta a, kote yo te pwolonje liy kredi CTU a, a $175,000 ak voye lajan ba konplotè yo an Ayiti pou minisyon.  Veintemilla te prevwa yon gwo benefis finansye atravè Worldwide si yo ta ranplase Prezidan Moïse, menm jan ak Ortiz ak Intriago te prevwa jwenn atravè CTU.

Planifikasyon ak depans adisyonèl kontinye ap dewoule nan le Sid Laflorid de avril a jwen 2021, daprè akizasyon ofisyèl yo.  Pa egzanp, Ortiz ak Intriago, antan ke Tèt CTU, reklite yon gwoup dapeprè 20 Kolonbyen ak fòmasyon militè (enkli Rivera ak Palacios) pou bay Sanon Sekirite.  Bergmann te vinn tounnen yon sipòtè ak envestisè ki ede finanse lòjman Kolonbyen yo an Ayiti, epi li travay ansanm ak Sanon ak Intriago pou ekspedye 20 jilè parabal CTU soti nan le Sid LaFlorid ale an Ayiti ak falsifikasyon egizans dokimantasyon pou ekspòtasyon.

An jwen 2021, plan a vinn chanje lè Ortiz, Intriago, Veintemilla ak zòt aparaman vinn reyalize ke Sanon pat gen ni kalifikasyon konstitisyonèl yo ni sipò popilè ansyen Jij Tribinal Siprèm Haiti a. Yo chavire sipò yo de Sanon pou Jij Lakou Siprèm la.   Nouvo kandida sa a siyen yon kontra ak CTU epi Worldwide pou sèvi enterè finansye konpayi yo yon fwa li ta vinn Prezidan.

Yo pretann tou, ke an jwen 2021, konplo  a pase de yon plan pou retire Moïse pa lafòs de pouvwa a, a asasine li.  Espesyalman, konplo a komanse konsantre sou asasina aprè yon efò rate pou yo te kenbe Prezidan Moïse lè l tounnen de youn nan vwayaj li yo ak fouke l nan yon avyon voye l nan yon lòt kote andeyò peyi a.

Daprè akizasyon ofisyèl yo de LaFlorid di Sid, Ortiz ak Intriago jere ak dirije tout lòt manm konplo a- enkli Solages, yon Reprezantan CTU an Ayiti (ki te kowòdine ak Vincent epi Sanon) ansanm ak Kolonbyen ki te patisipe nan asasina a (atravè Riviera ak/oswa yon lòt lidè Kolonbyen an Ayiti ke yo te touye pandan li tap eseye chape de lye asasina a).

Yo pretann ke John, yon ansyen Senatè Ayisyen, ak Jaar ede sekirize zam yo ak founi lòt sipò.

Le 6 jiyè 2021, tout konplotè yo reyini nan yon kay tou pre rezidans Prezidan Moïse kote distribisyon zam afe ak ekipman te fèt, ak kote yo anonse ke misyon an se touye Prezidan Moīse, daprè sa yo swadizan di.  Le 7 jiyè 2021, plizyè endividi rive deyò rezidans Prezidan Moïse la, kote kèk ladann yo te gen jilè parabal mak CTU sou yo.  Yo rantre nan kay Prezidan a epi yo touye l.

Si yo ta deklare Ortiz, Intriago, Veintemilla, Solages, Vincent, Garcia, Palacios, Jaar ak John koupab yap kontanple yon santans a vi nan prizon.  Bergmann ak Sanon ap kontanple 20 lane si yo ta deklare yo koupab.  Yon Jij Tribinal Distri Federal va detèmine ki santans yap resevwa aprè li finn konsidere Direktiv Sou Santans Lézetazini ak lòt faktè de lalwa.

Se Pwokirè Distri Sid LaFlorid la, Markenzy Lapointe, Adjwen Komisè Gouvènman Jeneral Matthew G. Olsen de Seksyon Sekirite Depatman Lajistis la, Ajan Espesyal Responsab Entèrimè Maged Behman de Biwo Lokal FBI nan Miami, Ajan Espesyal Responsab ak Direktè Egzekitif Asosye Adjwen Envestigasyon Sekirite Nasyonal Anthony Salisbury  ki fè anons la.

FBI ak HSI envestige dosye sa yo, ak bon jan asistans founi pa Depatman dEta, Biwo Alkòl, Taba, Zam afe ak Eksplozif, Biwo Endistri ak Sekirite, ak Sèvis Envestigasyon Kriminèl Depatman la Defans.

Adjwen Komisè Gouvènman Andrea Goldbarg ak Monica Castro de Distri Sid LaFlorid, Avoka Litij Frank Russo ak Jessica Fender de Seksyon Anti-Teworis Sekirite Nasyonal, ak Emma Ellenrieder de Seksyon Kont-entelijans ak Kontwòl Ekspò Sekirite Nasyonal kap jere dosye sa a.  Adjwen Komisè Gouvènman Joshua Paster ap jere tout koze konfiskasyon byen yo.  Biwo Afè Entènasyonal Depatman Lajistis te bay bon jan asistans.

Yon akizasyon ofisyèl se tou jis yon swadizan, tout akize prezime inosan jiskaske yo pwouve yo antò o dela de yon dout rezonab nan yon tribinal.

W ap jwenn tout lòt dokiman jidisyè ak enfòmasyon sou sit web Tribinal Distri pou Distri Sid LaFlorid sou www.flsd.uscourts.gov oswa sou http://pacer.flsd.uscourts.org.

Contact

Public Affairs Unit

U.S. Attorney’s Office

Southern District of Florida

USAFLS.News@usdoj.gov

Updated June 13, 2023

Topics
National Security
Violent Crime